ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI SerieA

SerieA

Nan yon match voukap voukap, Juventus gen rezon sou Inter pou match chòk wikenn sa

imaj atik la

14 septanm 2025   Schmidt Jean   1033

Nan kad 3èm jounen Serie A a nan peyi Itali, yè samdi a, Juventus te gen randevou ak Inter nan Allianz Stadium nan. Match sa fini 4-3 anfavè Bianconeri yo, men se te sèt (7) bèl gòl.


Match la te kòmanse tankou tout dèbi ki respekte tèt li dwe kòmanse. Tou de ekip yo te montre yo sou sa. Men se Juventus ki te jwenn chimen filè anvan gras ak defansè anglè a, Lloyd Kelly nan 14èm minit.

Kelly make gòl la ak yon bèl enteryè pye goch ra sòl aprè yon bèl pas an demivole Geison Bremer te fè an retrè pou li. Se premye gòl li pou Juventus, yon ekip li te rejwenn nan mèkato ete a.

Inter, gras ak Hakan Çalhanoglu, te reponn (1-1) ak yon bèl gòl tou nan 30èm minit match la. Yon chout deyò kare a, ak pye goch e ki te pase ra sòl pou te twonpe gadyen Juventus la.

Anvan mitan an fini, Kenan Yildiz, pepit Juventus la, te re ba yo avantaj la (2-1) ak yon chout deyò kare tou, pi lwen pase pa Çalhanoglu a, pou twonpe vijilans Yann Sommer (37èm minit).

Inter te domine kòmansman dezyèm mitan an pou jis yo rive egalize (2-2) gras ak Çalhanoglu ankò nan 65èm minit match la. Aprè yon bing-bang defans Juventus la mal negosye, Zielensky te mete balon sou pwatrin Çalhanoglu ki te mete yon do pat aprè kontwòl la ki mouri nan filè.

Anviwon 10 minit aprè (75èm), Inter te pran devan (2-3) gras ak Marcus Thuram ki te vole pi wo pase tout moun pou mete yon kout tèt nan filè sou yon konè.

Frè Marcus Thuram nan, Kephren Thuram te reponn nan 82èm minit pou egalize 3-3 ak yon kout tèt ki te mate devan gadyen an, sou yon koufran.

Juventus pa t satisfè ak eskò sa e yo te make gòl viktwa (4-3) a ak yon lòt jwè ki te make premye gòl li pou yo, Vasilije Adzic, yon jèn 19 lane, nan tan adisyonèl match la (90+1). Se te yon lòt gòl deyò kare ankò, kote Yann Sommer te ka sèlman touche l ak dwèt li san anpeche l rantre.

Pwoblèm Inter yo ap kontinye parèt aprè bèl viktwa yo te fè pou kòmanse sezon an. Sa fè yo dezyèm defèt youn kole ak lòt. Èske Christian Chivu pral pèdi djòb li?

Juventus bò kote pa yo ak nouvo antrenè yo a, Igor Tudor, fè yon demonstrasyon pou montre menmsi ekip la jèn yo vin pou kont nan chanpyona a. Sa fè 3 viktwa pou twa match. Pou kounya yo dezyèm nan klasman an dèyè Napoli ki gen menm kantite pwen men yon pi bon diferans gòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )