Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Wikenn sa Serie A Itali a te kontinye fè chimen l. Match yo te jwe soti vandredi pou fini ayè dimanch lan. Tout ekip nan tèt klasman an fè viktwa sof Juventus ak Milan ki fè match nil nan fasafas yo a.
Sizyèm jounen an te kòmanse vandredi aprèmidi nan estad Marcantonio Bentogodi a, nan vil Vewòn, kote Hellas Verona te tonbe lakay yo 0-1 kont Sassuolo. Se Andrea Pinamonti ki te make grenn gòl la nan 70èm minit match la sou rezon penal li gadyen an te pouse.
Bagay yo te kontinye nan samdi ak kat (4) match ki te gen ladan l bèl viktwa Inter sou Cremonese 4-1 gras ak Lautaro Martinez, Ange-Yoan Bonny, Federico Di Marco ak Niccolò Barella. Lecce al genyen kay Parma 1-0, Atalanta fè match nil ak Como 1-1. Men match jounen an se te bèl espektak Lazio Torino a ki fini 3-3.
Match sa te chaje rebondisman ak sispens. Giovanni Simeone te ouvè eskò a pou Torino ki te an deplasman nan 16èm minit. Lazio pa t pèdi tan pou yo egalize gras ak Matteo Cancellieri nan 24èm minit. Menm Cancellieri sa te bay Lazio avantaj 2-1 anvan mitan an fini nan 40èm minit. Torino te egalize nan 73èm minit match la gras ak Che Adams epi yo te panse yo te fè viktwa lè yo te make yon 3èm gòl nan tan adisyonèl (93'). Men yon penalite nan 95èm minit ki fè gwo diskisyon nan VAR la te pèmèt Danilo Cataldi egalize pou Lazio nan 103èm minit lè l resi choute l la.
Jounen an te fèmen ayè dimanch lan ak senk match . Byen bonè nan maten Cagliari soti vivan 1-1 kay Udinese. Aprèsa Bologna fè yon malè 4-0 sou Pisa ki te pran katon wouj depi nan premye mitan pandan yo t ap mennen 1-0 sou yo. Roma al genyen kay Fiorentina 1-2 ak 3 gòl ki fèt depi nan premye mitan match la alòske se Fiorentina ki te ouvè eskò gras ak Moïse Kean.
Napoli bò kote pa yo sove yon viktwa 2-1 sou Genoa ki t ap mennen sou yo nan estad Diego Armando Maradona an. Se André-Frank Zambo Anguissa ki te egalize pou Napoli (56') epi Ramsu Højlund make gòl viktwa a nan 75èm minit.
Chòk jounen an ant Juventus ak Milan an te fini 0-0. Christian Pulisic te rate yon penalite pou Milan nan 54èm minit.
Napoli repran tèt klasman an ak 15 pwen, menm kantite ak Roma ki dezyèm epi Milan pase 3èm ak 13 pwen. Inter pase devan Juventus pou diferans gòl men tou de (2) gen 12 pwen an katriyèm ak senkyèm pozisyon.
Chanpyona a ap pran yon poz pou trèv entènasyonal la e y ap tounen sou tèren nan de wikenn ankò pou 7èm jounen an. Match chòk jounen sa se pral Roma k ap resevwa Inter.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou