ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI SerieA

SerieA

Yon nouvo Lidè nan chanpyona italyen an

imaj atik la

29 septanm 2025   Schmidt Jean   901

Wikenn pase a, Serie A a t ap rapousuiv ak 5èm jounen yo. Nan jounen sa tout gwo toryan yo pran pwen, sof Napoli ki te tonbe nan yon match chòk kont Milan. Ak viktwa sa Milan tou pran tèt klasman chanpyona a nan men Napoli ki te premye depi 2èm jounen an.


Ekip Milan an ki te mal kòmanse chanpyona a ak yon defèt kont yon ekip ki te fèk monte (US Cremonese), reprann yo byen vit ak kat viktwa afile. Dènye viktim yo se Napoli, chanpyon an tit la, ki pran 2-1 nan San Siro a.

Gras ak bèl pèfòmans sou kat dènye match yo Milan akimile 12 pwen ak yon diferans gòl +6. Yo pran devan Napoli ki gen yon diferans +5. AS Roma tou gen 12 pwen ak yon diferans gòl +4.


Men kèk rezilta enpòtan nan wikenn nan:

Juventus 1-1 Atalanta
Cagliari 0-2 Inter
Roma 2-0 Hellas Verona
Milan 2-1 Napoli

Aprè 5 jounen men kijan klasman an ye:

1- Milan 12 pwen +6
2- Napoli 12 pwen +5
3- Roma 12 pwen +4
4- Juventus 11 pwen +4
5- Inter 9 pwen +6
6- Atalanta 9 pwen +6

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )