PEYIBAEredivisieEerstedivisieKNVBCupLòt
AKÈY PEYIBA Eredivisie

Eredivisie

PSV Eindhoven leve twofe Eredivisie a pou yon dezyèm lane konsekitif

imaj atik la

18 me 2025   Neuvième Junior   485

Gras ak yon viktwa sou tèren Sparta Rotterdam, PSV Eindhoven ranpòte jodi dimanch 18 me 2025 lan 26èm tit chanpyon Peyiba nan listwa yo.


Gras ak yon viktwa sou tèren Sparta Rotterdam, PSV Eindhoven ranpòte jodi dimanch 18 me 2025 lan 26èm tit chanpyon Peyiba nan listwa yo.

Pa rapò ak sezon pase kote PSV t ap krache dife, pa t gen moun ki te panse paj sa t ap rive ajoute nan liv listwa foutbòl klèb PSV a ane sa. Aprè yon moman kote klèb Ajax Amsterdam lan t ap domine Eredivisie a, yo pa rive kenbe jiska fen sezon an. Nan dènye jounen an, Luck De Jong an bon kapitèn mennen koyekipye li yo pran tit la.

Ak twa bitè diferan kise Perišić 27èm L. de Jong 58èm e M. Tillman 84èm, Sparta Rotterdam tonbe (1-3) fas yon ekip ki konnen sèl fason pou yo te chanpyon se fè viktwa, ebyen jwè Peter Bosz yo frape Rotterdam epi pran 26èm tit yo san nou pa bliye se 2 twofe sou 2 sezon.

Aprè twofe sa, sezon an fini ak Ajax ki dezyèm sa ki fè l kalifye pou Ligue des Champions sezon k ap vini an epi Feyenoord Rotterdam ki vin konplete tablo a.

Pou rezime sèn lan, Ajax Amsterdam te konte 9 pwen anplis PSV Eindhoven. Pandan rete 5 jounen pou chanpyona fini, Ajax fè 2 defèt ak 2 match nil plis yon viktwa ki fè bato pwoteje Francesco Farioli yo koule e pa soti vivan kòm chanpyon. PSV ki te pwofite okazyon an fini premye ak 79 pwen devan Ajax ki fini ak 78 pwen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou