TRANSFÈtransfè
AKÈY TRANSFÈ transfè

transfè

Jonathan David pran direksyon Juventus Turin

imaj atik la

5 jiyè 2025   Jacky Chéry   323

Aprè 5 sezon nan Ligue 1 an, atakan kanadyen orijin ayisyèn Jonathan David siyen nan Juventus Turin kote l pral pase 5 lane k ap vini yo. Jwè 25 lane an te kite Lille aprè fen kontra li nan mwa ki sot pase an.


Aprè yon pasaj reyisi sou koulè LOSC yo, Jonathan David pati pou yon lòt eksperyans nan Serie A italyen an. Nan peyi Lafrans, atakan kanadyen an kite Lille kòm meyè bitè listwa klèb lan avèk 109 gòl sou 5 sezon li yo.

Yon bon kou pou Juventus Turin ki pa peye Lille yon santim pou transfè a. Vye granmoun lan ta pwopoze David yon kontra kote l ap gen pou touche 6 milyon chak ane avèk 12,5 milyon ewo kòm frè pou siyati an.

A 25 lane, Jonathan David pa sèlman meyè bitè istwa LOSC yo, li se egalman yon bitè ki enskri yon pakèt gòl pou seleksyon kanadyèn lan. Nouvo atakan Bianconneri yo genyen 35 gòl sou 66 match li jwe avèk ekip nasyonal Kanada a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou