Jan sa te planifye a, elye Kingsley Coman ki gen 29 lane sou tèt li, kite Bayern Munich pou siyen ak klèb Sawoudyen an pandan mèkato ete sa.
Yè vandredi a, entènasyonal fransè a pran direksyon klèb Al-Nassr lan ki ofisyalize transfè jwè fransè a pou 35 milyon ewo plis bonis.
Ansyen parizyen an siyen yon kontra jiska 2028 ak yon salè anyèl ki evalye ak 25 milyon ewo. E selon kèk jounalis, yo etone pou chwa sa atakan an fè nan karyè l la akoz Koup Dimond 2026 la ki pa two lwen.
Kingsley Coman ki se nouvo jwè Al-Nassr nan peyi Arabi Sawoudit, ap gen pou defann koulè ekip sa bò kote Cristiano Ronaldo ki chwazi rete nan ekip la malgre yo pako ka pran yon tit majè.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou