Philippe Coutinho ki te an prè anndan ekip Vasco da Gama a sezon pase a siyen yon kontra pou pwolonje avanti sa ak ekip la aprè kontra l fin ekspire ak ekip Aston Villa a. Nouvo Kontra sa ap bout nan fen jen 2026.
Mitan tèren Brezilyen an ki sou yon move pant depi sezon 2020/2021 an pa sispann pase ekip pou eseye rejwenn nivo foutbòl li. Transfè l anndan ekip Aston Villa a pa t pote fwi piske aprè 2 sezon sèlman li pa t ka enpoze l, sa ki te koz li al fè yon eksperyans nan peyi Kata an prè nan ekip Al-Duhail SC a.
Aprè yon sèl sezon Miwomiba nan dezè a, Coutinho de vle tounen lakay. Fwa sa li te ale an prè nan Vasco da Gama. Avanti sa te pi bon pase dènye lòt yo piske nan yon sezon edmi li make 8gòl epi bay 4 pas gòl, yon estatistik ki mèg pou yo milye ofansif men ki siperyè 8 gòl ak 2 pas gòl sou kat (4) dènye sezon li te fè an Ewòp yo.
Ansyen jwè Inter, Liverpool, FC Barcelone ak Bayern Munich lan pou kounya se pwopriyete Vasco da Gama, klèb fòmatè l. Coutinho ap gen pou jwe pwochen match li pou Vasco da Gama nan Copa Sudamericana a 15 jiyè k ap vini la kont Independiente del Valle, yon ekip ekwatoryen.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou