TRANSFÈtransfè
AKÈY TRANSFÈ transfè

transfè

Xabi Alonso ap kite Bayer Leverkusen kou sezon an fini

imaj atik la

9 me 2025   Schmidt Jean   636

Xabi Alonso, ansyen mitan tèren entènasyonal espanyòl la ap kite ekip Bayer Leverkusen nan lè sezon sa fini. Bayer gentan mete sa ofisyèl. Ki kote jèn antrenè a pral depoze valiz li?


Alonso ki te fòme nan ekip Real Sociedad la, te pase nan Liverpool ki vini yon Lejann nan Real Madrid pou fini karyè jwè li nan Bayern Munich. Aprè yon karyè jwè byen ranpli kote li te ranpòte tout tit ak klèb epi seleksyon nasyonal Espay la, Xabi Alonso te konvèti kòm antrenè an 2019 pou ekip B Real Sociedad la.

Siksè Xabi Alonso te fè kòm teknisyen nan ekip B Sociedad (li te mennen ekip la nan Dezyèm Divizyon) la te atire atansyon anpil klèb men se Bayer Leverkusen ki te rive mete men sou li pou premye eksperyans li ak ekip A nan oktòb 2022.

Xabi Alonso te pran yon ekip Bayer Leverkusen ki te avan dènye nan klasman an aprè 8 jounen pou fini 6èm epi kalifye pou Europa League, yon konpetisyon Xabi ak ekip la te rive nan demifinal pandan sezon an.

Sezon 2023/2024 la se te konfimasyon bon travay jèn antrenè a te kòmanse a. Rekò sou rekò tankou 33 match san defèt nan Bundesliga a. Xabi Alonso fè Bayer Leverkusen chanpyon pou premye fwa nan istwa yo nan Bundesliga a epi se premye fwa tou yon ekip te chanpyon 5 jounen anvan chanpyona a fini. Mete sou sa Xabi Alonso ak Bayer Leverkusen te mete rekò an Ewòp kòm sèl ekip ki jwe 51 match afile nan tout konpetisyon san pèdi, sa gen ladan l tou tout sezon Bundesliga a. Bayer te ranpòte tou DFB Pokal la ki se Koup la nan peyi Almay e yo te fè final Europa League, sèl match yo te pèdi sou sezon an.

Sezon sa Xabi Alonso ak Bayer Leverkusen te rive pran sèlman Sipèkoup Almay la men yo ap fini Bundesliga a dezyèm nan do Bayern Munich.

Selon rimè yo, Xabi Alonso ki te gen kontra jiska jen 2026 ak Bayer Leverkusen ap kite 1 lane anvan sa pou l al pran tèt ekip Real Madrid la. Èske taktisyen ap ka pwodwi pèfòmans sa yo ak ekip "Galaktik" la si li ta pran tèt ekip la? Sa se tan k ap di nou.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou