Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Real Madrid prezante Kylian Mbappé nan Santiago Bernabéu a Nan yon stad ranpli pou l krake, atakan fransè an, Kylian Mbappé, te prezan nan Santiago Bernabéu an pou prezantasyon ofisyèl li nan klèb sa li te toujou reve jwe depi l piti an. Anviwon yon mwa depi l siyen ak klèb madrilèn lan, kapitèn seleksyon Lafrans lan rejwenn Real Madrid aprè li te fin anonse li kite Paris Saint-Germain pandan fen sezon ki sot pase an. Kylian Mbappé, Real Madrid te toujou swete genyen depi plis pase twa lane, ateri finalman nan kapital espanyòl la kote l pral genyen pou jwe bò kote yon pakèt jèn chaje talan tankou Bellingham, Vinicius, Rodrygo, pou n site sa yo sèlman. « Se yon jwa pou yon timoun ki gen yon rèv, e ki vin reyalize konsa kote w pral dòmi kòm yon jwè Real Madrid. M ap sonje jou sa pou tout rès vi m », yon pati nan deklarasyon Kylian Mbappé pandan prezantasyon l lan. N ap raple, atakan fransè 25 lane trennen nan Real Madrid plis pase 6 sezon reyisi nan Paris Saint-Germain kote l rete kòm meyè bitè istwa klèb parizyen an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou