Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
PSV te demoli Napoli yè a 6-2 nan kad twazyèm jounen Ligue Des Champions an. Malgre defèt sa se yon eskandal pou chanpyon an tit nan Serie A a, li montre yon chema klè: Antonio Conte, malgre tout elòj li resevwa pou bèl eksplwa li fè yo, toujou rete yon "kòk lakou".
Estratèj italyen an, Antonio Conte, te vini nan Napoli sezon pase a e rekonstwi ekip la byen vit pou pran tit chanpyon an e kounya yo se yon fòs nan Serie A a. Men akòz defèt yo samdi pase kont Torino, tout moun te ka atann yo ak yon demonstrasyon kote ekip la ta pral souke kò l, men se te byen konte mal kalkile sou Conte ak ekip li a.
Conte nan chanpyona lakay li yo se sèl kòk chante
An 2011 Conte te pran yon ekip Juventus ki te nan la degraba (yo te fini 7èm nan sezon anvan an) pou l fè yo chanpyon 3 sezon afile 2011-2012, 2012-2013 epi 2013-2014. Conte te kòmanse gwo dominasyon Juventus la nan peyi Itali nan deseni 2010 yo.
Aprè yon pasaj rate nan tèt seleksyon Itali a, Conte te retounen nan klèb ankò pou pran tèt Chelsea. Ak ekip Chelsea a, Conte ranpòte Premier League la nan premye sezon an (2016-2017) ak sistèm 3-4-3 ki konnn konvèti an 3-5-2 li a.
Conte te tounen an Itali pou vin antrene Inter an 2019-2020. Pou dezyèm sezon l nan tèt ekip la, li chanpyon Serie A a pou mete fen nan dominasyon Juventus la. Li te kite ekip la nan fen sezon 2020-2021 an.
Nan mitan Novanm 2021 Conte te retounen an Angletè pou Tottenham. Menm sezon an li pran yon ekip Tottenham ki t ap trennen pou mete l nan Top 4 la pandan 2 sezon afile.
Sa yo pa rezilta chans. Nan plizyè chanpyona ak plizyè klèb ki gen kilti ak istwa diferan ekip Conte yo toujou byen prepare taktikman epi byen pèfòme ak regilarite. Antou, Conte pran 6 tit chanpyona nasyonal epi l pran yo ak 4 klèb diferan. Li sè sèl antrenè chanpyon Serie A ak twa klèb diferan.
Rezilta ewopeyen yo se yon lòt koze
Pi bon rezilta Conte fè an Ewòp se mennen Inter nan final Europa League la nan sezon 2019-2020 an, yon match yo te pèdi kont FC Seville 3-2 malgre yo te gran favori. Men aprè sa se kòve nèt an Ewòp pou Conte.
Lè nou pran Ligue Des Champions an pa egzanp, Conte fè 16 viktwa, 14 nil epi pèdi 15 match nan konpetisyon sa. Yon bilan byen mèg pou yon antrènè ki gen renome Conte. Pi lwen li rive nan konpetisyon sa se kadefinal ak Juventus an 2012-2013. Aprè sa li rive nan 8èmdefinal sèlman 2 fwa (Chelsea an 2018 ak Tottenham an 2023).
Conte pa fè pi bon pase sa nan "ti" konpetisyon klèb ewopeyen yo byenke li pa jwe anpil akoz bon rezilta lakay li yo. Li te pèdi final Europa League 2020 ak Inter antanke favori epi li te pèdi nan demifinal ak Juventus pandan l te Favori tou kont Benfica. Kanta pou Europa Conference League la, li te jwe l yon fwa e pa t menm pase faz gwoup la. 3 defèt 1 match nil ak 2 viktwa.
Conte te fè ti kout tou nan tèt seleksyon Itali a. Men pasaj Ewopeyen sa pa t gen siksè ladan l nonplis. Malgre ekip la te rive kalifye pou Euro 2016 la ki te fèt pou premye fwa ak 24 ekip. Conte te fè yon bèk sou Espay 2-0 nan 8èmdefinal men te tonbe kont Almay nan kadefinal. Nan konpetisyon sa li te deja pèdi kont Ilann nan faz gwoup.
An gwo, Conte pa fè pwa ni fè pè an Ewòp. Kisa ki petèt eksplike sa?
Conte se yon antrenè taktik ki kwè nan dispozisyon 3-5-2 oubyen 3-4-3 a. Ekip li toujou aplike alalèt konsiy ki bay nan antrènman yo. Sa fè ekip li yo raman varye pandan match yo kèlkeswa sitiyasyon an. Sa se yon bon bagay pou chanpyona yo paske ekip li yo gen idantite ki rijid. Sou yon long peryòd yo fasil fini devan paske yo toujou konsistan. Men an Ewòp kòm match yo se pi fasil eliminasyon dirèk, advèsè yo chanje taktik yo anndan match, ekip Conte yo pa rive adapte ak chanjman sa yo, yo kontinye jwe ak menm disiplin ak konsiy yo te resevwa yo.
Yon lòt bagay ki petèt ka eksplike sa se retisans Conte toujou fè pou l pa gen yon sipèsta nan ekip li. Jwè Conte yo toujou pi souvan nan menm nivo. Pa gen endividyalite ki ka genyen match poukont yo nenpòt ki lè. Conte kwè nan ekip, nan blòk. Epoutan an Ewòp sitou nan gwo match yo, ekip yo chaje jwè ki briye endividyèlman pou bay Conte pwoblèm e Conte pa gen repondong nan ekip pa l la. Nan match ayè a, Dennis Man oswa nan final Europa League 2020 an Luuk de Jong montre sa. Yo tou 2 te fè 2 gòl e bay defans ekip Conte a anpil pwoblèm.
Antonio Conte se yon bon antrenè, men jiskaske l pwouve l sou sèn Ewopeyen an, n ap toujou wè l tankou kòk lakou. Li p ap pami meyè yo malgre tout bèl bagay li reyalize ak yon latriye ekip nan plizyè chanpyona.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou