Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Edisyon Champions League 2025-2026 la demare ak yon nouvo eskandal nan match Real Madrid kont Marseille la.
71èm edisyon pi gwo chanpyona klèb yo demare ofisyèlman ayè 16 septanm lan. Youn nan premye match la te mete Athletic Bilbao klèb espanyòl kont Arsenal yon klèb anglè (0-2).
Pita pandan jounen an ta pral gen plizyè lòt rankont pami yo gwo toryan klèb espanyòl Real Madrid ki t ap resevwa klèb fransèz la, Olympique de Marseille. Nan okazyon an klèb maseyè a te louvri eskò a nan Santiago Bernabeu a sou pye T. Weah nan 22èm minit.
Klèb madrilèn lan pral egalize gras ak yon penalite sou pye Kylian Mbappé nan 28èm minit. Match la te rete konsa jiska 81èm minit lè Real Madrid ta pral jwenn yon dezyèm penalite sou yon aksyon atakan brezilyen an Vini Jr t ap mennen, yon balon ki al frape nan men defansè Marseille la Facundo Medina pandan defansè a te glise atè. Abit santral la te tou sifle penalite sou aksyon sa. Yon kout siflè ki te vin mennen anpil pale anpil nan tout medya akoz desizyon sa.
Selon Alfonso Perez Burrull, yon ansyen abit espanyòl fè konnen nan mikwo jounal Marca " Jwè a tonbe atè, se pa ponyèt li ki al jwenn balon an se balon an ki vin jwenn ponyèt li".
Se menm bagay la Mateu Lahoz, ansyen abit espanyòl ankò di sou medya Movistar "Defansè a fè sa li te dwe fè a. Pye li bloke epi ponyèt li sèvi l kòm ekilib. Ponyèt li gen yon pozisyon natirèl san se pa li ki fè okenn efò pou bloke balon an".
Laprès nan peyi Angletè san pitye sou aksyon an tou. "Aksyon sa nève m, li pa posib pou yo sifle sa kòm penalite" Jamie Carragher.
N ap raple Real Madrid genyen Marseille 2-1 pou premye sòti yo nan Champions League la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou