Kredi Foto: @Facebook
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Sky Blues yo ak Gunners yo ap kwaze bab pou bab nan final Carabao Cup la. Yon dyèl ki pral detèmine kiyès ki ap sòti ak premye twofe yo pou lane a.
Manchester City kalifye sou Newcastle nan kad demifinal Carabao Cup la. Pwoteje Guardiola yo bat Newcastle sou 3-1 nan kad match retou demifinal Carabao Cup la. Cityzens yo jwenn wout final la aprè yo fin pase fasil etap demifinal la sou eskò kimile 5-1 sou Newcastle United.
Arsenal bò kote pa l te deja chita ap tann advèsè li a. Gunners yo pase sou Chelsea 1-0 gras ak yon gòl nan dènye minit jwè alman an Kai Havertz.
Arsenal ap kontre Manchester City nan yon match gason pa kanpe pou konnen kiyès ki prale ak twofe a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou