ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Mason Mount sipòte Ruben Amorim devan laprès

imaj atik la

6 oktòb 2025   Neuvième Junior   781

Aprè plizyè match nan tèt ekip Manchester United la, Ruben Amorim rive jwenn reyaksyon jwè ki montre l yo toujou gen konfyans nan li malgre rezilta yo pa fin ok. Fason anglè a eksprime l montre volonte yo pou kontinye avanse ak antrenè a.


Avèk yon kòmansman sezon ki plen echèk, Manchester United ki pa nan bon fòm li depi kèk lane, bay tèt yo yon ti asirans pandan wikenn sa gras ak yon viktwa yo fè sou Sunderland (2-0), samdi a nan Premier League la.

Aprè viktwa ekip la fè nan 7èm jounen an, milye ofansif anglè a, Mason Mount ki bitè nan rankont lan, reyaji pou montre jan yo ap sipòte antrenè a Ruben Amorim ki pa sispann sibi kritik depi plizyè semèn.

"Nou ap sipòte antrenè nou an. Nou avèk Amorim a 100%. Nou gen rezilta ki difisil, ki bay gwo doulè ak ekip la, estaf la e sipòtè yo, men li te enpòtan pou nou genyen", yon reyaksyon ki vini pou montre yo konprann sitiyasyon ekip la ap fè fas la e sipòte manadjè a.

Aprè 7 rankont nan Premier League la, Manchester United okipe 10èm plas klasman an ak 10 pwen sèlman.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou