AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Duckens Nazon fè premye gòl li avèk Esteghlal FC

imaj atik la

24 desanm 2025   Jacky Chéry   142

Atakan entènasyonal ayisyen an, Duckens Nazon, reyisi make pou premye fwa nan peyi Iran avèk nouvo klèb li Esteghlal FC. Yon reyalizasyon ki rive nan moman jwè an ap chache pran mak li nan nouvo anviwònman sa.


Grenadye an ki te rantre nan 63èm minit pou ranplase Saharkhizan, fè premye gòl li avèk Esteghlal FC nan viktwa yo fè jodi mèkredi an 3-0.

Nan okazyon 6èm jounen AFC Champions League lan, Duckens Nazon ouvri kontè li avèk Esteghlal FC sou yon gòl li make nan 82èm minit. Yon gòl ki te pèmèt atakan ayisyen an mete match lan 2-0.

N ap note, aprè kalifikasyon seleksyon nasyonal ayisyèn lan pou Mondyal 2026 lan, Duckens Nazon te pwomèt li pral bay tout li menm pou fè kè fanatik Esteghlal yo kontan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou