AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Ouanaminthe ki te mal mennen Cosmopolites gen randevou demen

imaj atik la

23 desanm 2025   Neuvième Junior   1230

Demen mèkredi a, sou Parc Levelt lan, Baltimore ap tann Ouanaminthe FC pou kòmanse defann yon plas pou Play-offs. Avan sa, nan kad 6èm jounen Ligue Haïtienne de Football la, Ouanaminthe FC ki t ap resevwa Cosmopolite, sakrifye Cosmopolite 4-0 pandan li pase yo pi gwo eskò ki genyen nan faz gwoup chanpyona nasyonal D1 an sezon sa.


Gras ak Roobens Philogene, Altidor Dave, Minoche Woodjoly ak Jean Carlot ki bitè nan match tèt chaje sa, Ouanaminthe FC pase senmakwa yo pi gwo eskò ki genyen nan chanpyona a jiska prezan. Swit ak eksplwa sila, klèb la ki gen ti non jwèt Kapitèn, rache biyè kalifikasyon pou play-offs la ak 12 pwen malgre yo rete yon rankont nan faz gwoup gran Nò a ki pako menm fini. Gras ak 3 viktwa e 3 match nil, yo pran premye plas gwoup la nan men Racing FC pou yon diferans gòl.

Aprè viktwa sa, klèb Ouanaminthe FC a ap deplasman pou jwe kont Baltimore SC sou Parc Antoine Levelt la demen 24 desanm lan. Rankont sila ap konte pou 7èm jounen chanpyona Ligue Haïtienne Football la. Fas pou fas sa ap bay posiblite ak Baltimore pou espere kalifye pou play-offs si yo ta genyen avan dènye match anreta yo gen pou jwe a. Kapitèn yo ki deja rejwenn 4 kalifye nan gwoup Sid la, pral chache brize rèv 4×4 la ki pa dwe fè erè.

Pou moman an, Baltimore okipe 6èm plas lan ak 7 pwen pou 5 match yo jwe.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou