AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF 2025-2026 : Twa gwo non pa fè okenn viktwa pou premye pati chanpyona a

imaj atik la

23 desanm 2025   Steve Pierre   703

Pandan sezon 2025-2026 Lig Ayisyèn Foutbòl la ap rive nan fen premye pati a, gen twa klèb ki deja ap viv yon sezon trè difisil. Aprè plizyè jounen konpetisyon, Tempête FC nan Gwoup Nò a, ansanm ak Don Bosco ak America des Cayes nan Gwoup Sid la, pa fè okenn viktwa.


Se youn nan pi gwo sipriz nan kòmansman sezon an. Tempête FC, youn nan klèb istorik foutbòl ayisyen an, ap nwaye nan Gwoup Nò a. Klèb Sen Mak la chita dènye nan klasman an ak 0 viktwa nan 7 match.

Menm si Tempête rive rache 3 match nil, defans la deja pran 9 gòl, pandan atak la sèlman make 4. Avèk yon bilan konsa, Bèl Kolònn yo vin tounen pi move ekip gwoup la. Sitiyasyon an mande yon reyaksyon rapid bò kote jwè, dirijan ak estaf la. Pou kounya, TFC elimine nan kesyon pleyòf yo. Si tout fwa yo vle reprann yo, yo oblije rete tann pwochen òganizasyon Lig la.

Nan Gwoup Sid la, batay la sere, men gen de (2) ekip ki pa rive montre nivo yo. Youn ladan se Don Bosco, wa match nil yo. Ekip Petyon vil la gen yon pwofil espesyal. An 5 match, Don Bosco sèlman pèdi 1 fwa, men li pa genyen okenn match. Avèk 4 match nil, ekip la montre li solid nan òganizasyon, men li manke anpil efikasite devan gòl. Mank sa a fè Don Bosco rete nan 5èm pozisyon klasman an, malgre potansyèl li.

Yon lòt bò, America des Cayes fèmen mach Gwoup Sid la, san okenn viktwa. “Kolòs” yo genyen sèlman 3 pwen nan 5 match (3 nil, 2 defèt). Ekip la gen anpil difikilte pou enpoze rit li. Avèk sèlman 3 gòl make, America se ekip ki pi fèb ofansivman nan gwoup la, sa ki montre gwo pwoblèm fini aksyon yo.

Twa klèb sa yo gentan elimine nan premye pati chanpyona nasyonal Lig Ayisyèn Foutbòl la ap fè a. Yo p ap nan koze pleyòf k ap gen pou fèt lane k ap vini an. Yo al chita pou repanse bagay pou yo ka tounen pi byen ankò.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou