Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pratikman tout ekip yo nan peyi Lafrans rantre nan trèv pou fen lane a. Stade de Reims ki nan gwo difikilte pou fè rezilta depi kòmansman sezon an, fè yon viktwa ayè samdi an ki pèmèt yo sòti nan zòn wouj lan.
Avèk Jasmine Vilgrain titilè nan ban defans lan, Stade de Reims genyen FC Metz 3-1, ki tou fè yo pase nan 9èm plas klasman an avèk 10 pwen. Remwaz yo rantre nan trèv lan avèk bèl rezilta sa ki pral kapab sèvi pou bouste yo pou dezyèm pati sezon an.
Aprè 9 jounen konpetisyon, Stade de Reims reyalize ayè samdi an twazyèm viktwa l depi kòmansman sezon an. Remwaz yo egalman pèdi 5 match epi genyen yon match nil nan bilan yo pou Seconde Ligue lan.
N ap note, Jasmine Vilgrain kontinye konsève plas li kòm titilè san diskisyon nan ban defans Stade de Reims lan. Depi sezon an kòmanse, defansè entènasyonal ayisyèn lan jwe tout 9 match yo, avèk yon sèl kote estaf teknik lan te ranplase l.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou