AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Anyssa Ibrahim ak Le Mans nan gwo difikilte

imaj atik la

22 Desanm 2025   Jacky Chéry   926

Aprè yon seri bon rezilta pandan kòmansman sezon an, Le Mans FC gen gwo difikilte pou fè bon rezilta nan Seconde Ligue la sou dènye match yo. Samdi ki sot pase a, yo tonbe fas AJ Auxerre (1-3).


Si objektif lan pandan kòmansman sezon an se te monte nan Arkema Première Ligue lan sezon k ap vini an, rezilta sou dènye match yo plonje Le Mans FC desann nan klasman an.

Malgre titilarizasyon Anyssa Ibrahim nan mitan tèren an, Le Mans FC tonbe an deplasman lakay AJ Auxerre (1-3). Aprè 9 jounen konpetisyon, Le Mans FC twouve l avèk 10 pwen nan 8èm plas klasman Seconde Ligue lan, ak sèlman yon grenn pwen anplis premye ekip ki kapab desann nan twazyèm divizyon an.

Anyssa Ibrahim ki souvan titilè nan Le Mans, pa t rive ede ekip li an anpeche defèt sa. Le Mans genyen yon bilan 3 viktwa, yon nil ak 5 defèt.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou