AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Ligue Haïtienne Football bay dat Pleyòf yo ap kòmanse

imaj atik la

23 desanm 2025   Benswilkenson Jean   902

Nan yon nòt pou laprès, LHF la bay dimanch 4 janvye 2026 kòm dat pou Pleyòf yo kòmanse pou pwochen faz chanpyona a.


Ligue Haïtienne Football la sòti yon nòt 23 desanm lan pou klarifye dat pwochen faz chanpyona nasyonal la ap demare.

Nan nòt sila a direksyon LHF la ki anba titèl FHF mete 4 janvye 2026 kòm dat pou Pleyòf yo ta kòmanse. Pandan match an reta gwoup nò yo poko jwe, LHF la fè konnen yo p ap lwen pataje kalandriye Pleyòf yo.

N ap raple genyen 6 ekip sou 8 ki deja gen biyè kalifikasyon yo nan men yo. Ekip sa yo se Racing Club Haïtien, AS Cavaly, Violette AC ak Juventus FC pou gwoup B a. Genyen Ouanaminthe FC ak Racing FC ki genyen biyè kalifikasyon yo pou gwoup A a. Gwoup sa a manke 2 ekip, ekip sa yo ap sòti aprè match anreta yo fin jwe.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou