Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Grenadye an k ap byen jwe sou koulè klèb li, Zulte Waregem, pa mete dlo nan bouch li pou pran defans peyi kote l fèt lan, Ayiti, ki jeneralman prezante nan pratikman tout peyi etranje yo kòm yon peyi pòv, ki pa gen anyen ki bon.
Wilguens Paugain fè konnen avèk patisipasyon Ayiti nan Mondyal 2026 lan, si yo rive fè bon rezilta, ap pèmèt peyi a ak seleksyon nasyonal la rejwenn respè l, malgre sitiyasyon difisil ki genyen an.
« Popilasyon an, menm jan ak jwè yo, pa responsab, se jis reyalite an ki depase nou. Mwen espere Koup Dimond sa ap kapab rapwoche Ayisyen yo ansanm », yon pati nan deklarasyon defansè lateral dwat ayisyen an.
N ap note, Wilguens Paugain ta pral fè premye zam li avèk seleksyon nasyonal ayisyèn lan pandan lane 2025 lan nan yon match amikal Grenadye yo te jwe kont Azèbaydjan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou