AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

De ayisyèn frape fò nan Arkema Première Ligue la wikenn sa

imaj atik la

21 desanm 2025   Steve Pierre   797

Foutbòl fanm ayisyen an kontinye make prezans li nan lakou peyi Lafrans. Ayè samdi 20 desanm 2025 lan, de (2) Grenadyè, Sherly Jeudy ak Melchie Dumornay, te jwe wòl kle nan viktwa klèb yo nan kad 11èm jounen Arkema Première Ligue la.


RC Lens ranpòte yon viktwa enpòtan (2-1), gras ak Sherly Jeudy. Pandan match la te egalite (1-1), ayisyèn nan te frape fò nan 72èm minit, apre yon bèl pas Kaïna El Koumir te fè pou li pandan l te anndan sifas la.

Gòl sa a te pèmèt Lens pran twa pwen yo epi kontinye batay li nan chanpyona a pou retire kò l nan zòn wouj la anvan trèv yo. Avèk reyalizasyon sa, Sherly Jeudy rive make 3èm gòl li nan Arkema Première Ligue la sezon sa.

Nan lòt rankont lan, OL Lyonnes pa t fè detay devan FC Fleury, yo pase yo (3-0). Menm si Melchie Dumornay pa t jwenn non li sou tablo afichaj la, enfliyans li te klè. Nan 32èm minit, li depoze yon balon sou tèt Marie-Antoinette Katoto, ki te louvri nòt la pou Lyonnes yo nan match foutbòl la. Aprè Grenadyè a ta pral kite teren an nan 65èm minit, ranplase pa Inès Benyahia. Pas sa a se 4èm pas desizif Corventina reyalize nan chanpyona a sezon sa.

Avèk pèfòmans sa yo, Sherly Jeudy ak Melchie Dumornay kontinye leve drapo Ayiti byen wo nan foutbòl fanm nan an Ewòp. Pou kounya chanpyona a kanpe l ap relouvri 14 janvye 2026 k ap vini la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou