Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè match nil (0-0) AS Capoise konnen fas Tempête FC a, moman rive pou kapwa yo jwe pi gwo rankont yo pou sezon sa kont Racing FC demen mèkredi a.
Nan Parc Félix Saint-Victor a, ASC ki 5èm nan chanpyona nasyonal la ak 8 pwen, ap gen pou jwe yon match desizif kote yo pa gen lòt chwa se fè viktwa pou espere jwenn biyè pou pleyòf la.
Rankont enpòtan sa konte pou 7èm e dènye jounen 2 fòmasyon sa yo. Racing FC k ap an deplasman pou ale jwe match sa, gentan gen biyè pou lòt etap la pandan vye kòk kapwa yo pral batay pou yon plas enpòtan.
Si jòn e nwa yo ta rive enpoze yo devan gran piblik kapwa a, yo ap konte 11 pwen nan klasman gwoup nò a. E si yo ta fè yon viktwa ak yon bèl diferans, li ap pèmèt yo pran plas Real Hope la ak yon meyè diferans. Men si se yon nil oubyen defèt, gen posiblite pou vye kòk yo pa rejwenn 4 klèb k ap kalifye yo.
Racing ki ap jwe dènye match li nan faz gwoup la, konte 12 pwen an dezyèm pozisyon ak yon diferans plis 3 aprè 6 jounen.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou