AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Chelsea Domond ak Betina Petit-Frère fè premye twa pwen yo nan Seconde Ligue la

imaj atik la

21 Desanm 2025   Jacky Chéry   1113

Nan okazyon 9èm jounen Seconde Ligue lan, En Avant Guingamp fè premye viktwa li pou sezon an kote yo genyen Lille OSC yon grenn gòl a zewo.


Avèk Chelsea Domond epi Betina Petit-Frère ki te titilè, En Avant Guingamp fè yon bèl operasyon lakay li kont Lille gras ak yon gòl Saliou make nan 52èm minit.

Aprè yon kòmansman sezon katastwofik kote direksyon klèb lan te oblije chanje antrenè, En Avant Guingamp reyisi fè premye twa pwen li pou sezon an.

Malgre viktwa sa, En Avant Guingamp kontinye rete bon dènye nan Seconde Ligue lan aprè 9 jounen. Rezilta sa pèmèt medam EAG yo fini ane an sou yon bon nòt, avèk espwa y ap kapab kontinye fè bon rezilta pou evite desann nan twazyèm divizyon.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou