ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Premier League la fè yon gwo chanjman nan koze sipò moun LGBT yo

imaj atik la Kredi Foto: @Golayiti

04 fevriye 2026   Benswilkenson Jean   928

Chanpyona anglè a Premier League anonse yon seri mezi akoz kèk jwè ki pa vle pote brasa kapitana akansyèl la nan peryòd wikenn sipò kominote LGBT a.


Patenarya ant Premier League la ak asosiyasyon Stonewall la kanpe depi fen sezon 2024-2025 lan. Chanpyona anglè a pa deside pouswiv wout yo ak asosiyasyon sa a pou sezon 2025-2026 la.

Nan kad akò yo te genyen, nan chanpyona anglè a tankou kèk lòt chanpyona ewopeyen, dirijan yo te konn konsakre yon wikenn pandan sezon an pou pote sipò yo ak kominote masi-madi a. Nan okazyon an, jwè yo te konn pote yon brasa ki gen koulè drapo kominote a ak yon mayo echofman ki montre tout sipò yo ak koze a.

Plizyè jwè ta refize antre nan yon demach konsa. Selon kèk ladan yo sa an kontradiskyon ak swa relijyon yo oubyen kwayans pèsonèl yo. Pou sa Premier League la fè konnen li vin pa yon obligasyon pou jwè yo pote brasa kapitèn koulè akansyèl la ankò ni mayo echofman an.

Gen yon jwè nan Premier League ki plenyen sou sa bay klèb li. Li fè konnen akoz yo wè foto l nan afich anvan match nan peryòd la 2 lane youn kole ak lòt yo panse li se masis* pou sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou