ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Yon ekip sizyèm divizyon elimine yon klèb premye divizyon nan Koup Angletè a

imaj atik la

10 janvye 2026   Benswilkenson Jean   687

Macclesfield Town FC yon klèb 6èm divizyon ki genyen ti frè lejann Manchester United la Wayne Rooney nan tèt li elimine Crystal Palace nan FA CUP la (2-1).


Crystal Palace pran yon so kabrit nan Koup Angletè a lè yo tonbe 2-1 kont klèb Macclesfield Town FC a. Klèb sila a ki gen 5 lane depi yo kreye, okipe 14èm plas nan klasman 6èm divizyon chanpyona Angletè a.

Klèb sila ki gen nan tèt li John Wooney ki se ti frè lejann Manchester United la Wayne Rooney fè gwo eksplwa sa san gwo difikilte fas klèb Crystal Palace la ki 13èm nan Premier League la.

"Mwen pa janm ka rive kwè sa, Mwen pa gen mo. Mwen pa t atann ak sa men sensèman mwen kwè nou merite viktwa a". Deklarasyon jèn antrenè a aprè viktwa istorik sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou