Kredi Foto: @FICA
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
FICA finalman mete fen nan yon seri rezilta ayè dimanch 8 mas 2026 la, nan kad 2èm jounen faz retou Chanpyona Nasyonal la, ekip Kapwa a bat Cosmopolites SC (2-0) nan Pak Saint-Victor, gras ak gòl Sandinho Saint Jean epi Patrickson Augustin te make.
Siksè sa a gen yon siyifikasyon espesyal pou FICA. An reyalite, ekip la te pase twa (3) mwa san li pa t konn gou viktwa nan chanpyona a. Dènye fwa FICA te genyen yon match te remonte 7 desanm 2025, lè li te bat Real Hope FA nan premye tou seri ouvèti konpetisyon an.
Depi jou sa a, ekip Kapwa a te antre nan yon peryòd difisil kote rezilta yo pa t vini, menm anvan viktwa sa bagay yo pa t ap mache byen. Match yo t ap pase san yo pa rive pran twa pwen, yon sitiyasyon ki te mete ekip la nan yon pozisyon konplike nan klasman an.
Se konsa FICA te fini faz ale chanpyona a nan plas anvan dènye nan gwoup li, yon plasman ki te retire tout espwa pou yo patisipe nan pleyòf yo.
Malgre faz retou a te kòmanse ak yon defèt (2-1) kont Tempête FC, jwè FICA yo te montre ayè dimanch lan yo pa t vle kontinye sou menm dinamik negatif la.
Nan Pak Saint-Victor, devan sipòtè yo, ekip la te antre sou tèren an ak plis angajman. Sandinho Saint Jean te louvri nòt la pou soulaje presyon ki te sou zepòl ekip la, pandan Patrickson Augustin te vin mete match la an sekirite ak dezyèm gòl la.
Viktwa sa a pa sèlman pote twa pwen yo, sa kapab gen yon enpòtans sikolojik pou ekip la. Li ka ede jwè yo reprann konfyans epi bay sipòtè yo yon ti espwa pou rès sezon an.
Aprè yon seri twa mwa san viktwa, FICA montre li toujou kapab reyaji. Rete pou wè si siksè kont Cosmopolites SC a ap vin tounen pwen depa pou yon pi bon faz retou pou ekip Kapwa a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou