AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Bouch pa gou pou Charles Herold pou dezyèm match li nan LHF la

imaj atik la Kredi Foto: @Tempête FC

07 mas 2026   Benswilkenson Jean   778

èn antrenè ayisyen an Charles Herold Jr konnen yon move rezilta pou dezyèm match li nan tèt ekip Tempête FC a. Ansyen entènasyonal ayisyen an pèdi 1-0 fas Racing FC.


Charles Herold Jr te gen randevou samdi 7 mas la nan kad match retou chanpyona nasyonal la. Nan okazyon an, ansyen mitan tèren seleksyon nasyonal la dirije dezyèm match li nan karyè l kòm antrenè.

Pou dezyèm rankont sa a, Charles Herold Jr te gen randevou nan pak Vincent an pou al tante pran dezyèm viktwa l youn kole ak lòt. Men bagay la pa t pase jan jèn antrenè a te swete sa a. Racing FC bat Tempête FC gras ak yon grenn gòl Bendjy Charles te make depi nan 22èm minit.

Malerezman jèn antrenè deja fè konesans ak premye defèt nan karyè l aprè sèlman 2 match.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÃ’ME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou