AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Shelton Guillaume : yon mitan tèren ayisyen k ap bay bèl pèfòmans nan National an Frans

imaj atik la

09 mas 2026   Benswilkenson Jean   682

Shelton Guillaume se yon jèn atakan ayisyen k ap jwe nan klèb FC Versaille nan peyi Lafrans nan National. Li deja make 8 gòl pou 22 match li jwe sezon sa.


Shelton Guillaume fèt nan dat 21 oktòb 1997, li gen 28 lane. Li gen nasyonalite ayisyen. Li se yon atakan men ki jwe pòs mitan tèren tou.

Pou sezon sa a Shelton se poto mitan ekip FC Versaille la, li se yon titilè endiskitab anndan ekip la. Sou 24 match FC Versaille jwe nan National 1 an, li jwe 22 ladan yo epi li titilè nan tout 22 a.

Sou 22 match sa yo li deja make 8 gòl epi li bay 3 pas gòl. Depi lè li rive nan ekip FC Versailles la, Shelton pa sispann ogmante pèfòmans li yo. Nan 6 dènye match li yo, pi piti nòt Sofascore bay jwè a se 7.1.

Sou 6 dènye match sa yo li fè yon total 4 gòl ak 2 pas gòl. Sa ki siyifi sou 6 match li patispe nan 6 gòl ak ekip Versaille la.

FC Versailles twouve l nan 5èm plas klasman National 1 an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou