AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Yon twazyèm jounen deja anonse nan chanpyona nasyonal la

imaj atik la

10 Mas 2026   Jacky Chery   226

Ligue Haïtienne de Football (LHF) pibliye kalandriye pou twazyèm jounen chanpyona nasyonal premye divizyon an k ap gen pou kòmanse demen mèkredi a. Ekip yo nan chanpyona a pral gen pou kontinye twoke kòn yo sou divès tèren nan kapital lan.


Pou twazyèm jounen sa, Baltimore SC ap gen pou delpase ale jwe lakay Real Hope FA nan yon match ki pwograme pou 4è nan aprè midi sou tèren Parc Résigné an nan Okap. Nan menm jounen sa, Tempête ki se lòt ekip Senmak la ap gen pou resevwa Ouanaminthe FC.

Nan jedi 12 mas, Fica ap resevwa Racing FC Gonayiv epi Cosmopolites SC ap gen pou jwe kont AS Capoise nan Parc Antoine Levelt.

Pandan mitan semèn sa, se gwoup nò an ki angaje nan chanpyona nasyonal premye divizyon an, annatandan ekip gwoup Sid yo jwe wikenn k ap vini an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou