Kredi Foto: @ASC
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè plis pase 15 lane ap make listwa Ouanaminthe FC, atakan ayisyen Roobens Philogène, tout moun konnen sou tinon “Paloulou”, antre nan yon nouvo etap nan karyè li. Jwè a ki te youn nan figi istorik ekip fwontyè a fè premye aparisyon li anba koulè AS Capoise (ASC) nan chanpyona nasyonal la, pandan match ki te opoze klèb kapwa a ak Baltimore SC ayè dimanch 8 mas la.
Rankont lan, ki te dewoule nan Parc Levelt nan Senmak, fini sou yon nòt egalite (1-1). Men, plis pase rezilta a, se prezans Paloulou nan ekip kapwa a ki te atire anpil atansyon, paske se premye fwa li jwe pou yon lòt ekip nan chanpyona ayisyen an aprè yon epòk long ak Ouanaminthe FC.
Pou premye match li ak AS Capoise, Paloulou te titilè ak nimewo li toujou renmen an, dosa 20 an, yon nimewo ki deja vin tounen senbòl li pandan tout karyè li. Malgre match la pa bay yon gayan, aparisyon atakan an deja montre entansyon klèb kapwa a genyen pou ranfòse sektè ofansif li pou dezyèm faz chanpyona a.
Paloulou se pa yon jwè òdinè nan foutbòl ayisyen. Pandan lane li pase nan Ouanaminthe FC an, li te vini pi bon bitè nan listwa yo epi youn nan jwè ki plis make idantite ekip la. Se rezon sa ki fè deplasman li nan yon lòt ekip kreye anpil kesyon sou kapasite li pou repwodwi menm enpak la.
Nan deklarasyon li bay laprès aprè match la, Paloulou fè konnen sitiyasyon li ak AS Capoise a pa nesesèman definitif. Daprè sa li eksplike, Ouanaminthe FC prete li bay ASC pou dezyèm faz chanpyona a, sa vle di faz seri kloti a.
Sa vle di tou, teyorikman, atakan an ka toujou retounen nan ekip li te pase plis pase yon deseni ap defann lan aprè sezon an, sof si yon lòt desizyon pran ant de (2) klèb yo.
Pou AS Capoise, Paloulou ki rive nan ekip la reprezante yon mwayen pou pote plis eksperyans ak efikasite nan liy atak la. Pou jwè a menm, se yon opòtinite pou montre li kapab kontinye fè diferans menm aprè li kite kote li te bati non li.
Kesyon anpil moun ap poze kounye a se si ansyen vedèt Ouanaminthe FC a ap kapab kontinye sou menm lanse li te genyen pandan lane li yo nan ekip fwontyè a.
Yon bagay klè: ak eksperyans li, sans li genyen pou gòl, ak kapasite li pou motive ekip li, Roobens “Paloulou” Philogène deja pote anpil atant sou zepòl li nan nouvo avanti li ak AS Capoise. Fanatik foutbòl ayisyen yo ap swiv ak anpil enterè kijan nouvo chapit sa ap ekri nan rès sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou