AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Racing FC byen kòmanse dezyèm faz chanpyona a

imaj atik la Kredi Foto: @Racing FC.

07 mas 2026   Benswilkenson Jean   768

Racing des Gonaïves ap byen konpòte l pou dezyèm tou chanpyona nasyonal la. Sou 2 match yo jwe yo fè yon viktwa ak yon match nil


Sou direksyon antrenè Nogales Joseph Racing FC kòmanse dezyèm tou chanpyona a jan li te byen kòmanse premye tou a. Pou 2 premye match ekip la jwe yo deja pran 4 pwen nan gwoup nò a.

Racing des Gonaïve konnen premye viktwa l nan dezyèm tou a fas ekip Tempête FC a (1-0) gras ak mitan tèren yo a Bendjy Charles. Yon viktwa ki siyen bon dewoulman Lyon yo nan konpetisyon an.

Pou premyè sòti yo, yo te fè yon match nil 2-2 kont ekip Real Hope FA a. Yo te ankese yon gòl nan dènye minit match la ki te lakoz yo pèdi 3 pwen an. Se Steve Mondestin ki te make gòl sa pou Real Hope FA.

Pou kounye a yo gen 4 pwen nan gwoup la e pwochen rankont yo se kont FICA nan dat 11 mas ki ap vini la a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou