AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Yon rapè ameriken di se Ayiti k ap pran koup Dimond 2026 la

imaj atik la Kredi Foto: @Steve Luc Pierre

9 mas 2026   Steve Pierre   61

Yon deklarasyon ki pran anpil moun pa sipriz ap fè anpil bri sou rezo sosyal yo. Pandan li t ap patisipe nan podcast The Late Run nan, rapè ameriken an Rick Ross fè konnen li kwè seleksyon nasyonal Ayiti a ka rive jiska genyen FIFA World Cup 2026 la.


Atis la te envite nan emisyon an ansanm ak ansyen vedèt National Football League la (NFL), Chad Johnson, anpil moun konnen sou tinon Ochocinco. Pandan diskisyon an, animatè a te mande envite yo ki sa fanatik foutbòl atravè lemond kapab atann yo de Mondyal 2026 la ki pral òganize nan Amerik Dinò a.

San ezite, Rick Ross te fè yon pwonostik ki etone anpil moun. Daprè li, seleksyon Ayiti a gen kapasite pou kreye yon gwo sipriz nan konpetisyon an.

« Ayiti pral genyen koup la, san okenn dout. M ap di nou sa. Mwen pral onèt ak nou, e m ap di sa la pou premye fwa : si sa rive, m ap dezabiye m epi m ap kouri toutouni pou selebre l, baby. Ann ale Ayiti », se sa rapè a deklare sou yon ton ki te fè tout moun ri sou plato a.

Pawòl sa yo pa t pran tan pou yo gaye sou rezo sosyal yo. Videyo entèvansyon an sikile anpil sou entènèt la, kote li pwovoke anpil kòmantè, blag, men tou yon santiman fyète lakay fanatik ayisyen yo ki kontan wè yon figi popilè nan kilti ameriken ap pale de seleksyon an ki ka chanpyon.

Menm si deklarasyon an plis sanble ak yon blag oswa yon fason pou ankouraje diskisyon, li vin raple kijan foutbòl ayisyen an kontinye fè moun reve, sitou nan moman seleksyon an ap chèche reprann plas li sou gwo sèn entènasyonal la. Si prediksyon Rick Ross la ta rive reyalize, sa t ap youn nan pi gwo sipriz nan listwa Koup Dimond FIFA ap òganize.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou