AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF: Yon jounen istorik nan chanpyona a ak fanm yo k ap kòmande sou teren an

imaj atik la

7 mas 2025   Steve Pierre   334

Nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, Lig Ayisyèn Foutbòl (LHF) ekri yon paj tounèf nan listwa espò peyi a. Pou dezyèm jounen Seri kloti chanpyona nasyonal premye divizyon an, Direksyon Konpetisyon an pran yon desizyon pou se sèlman fanm k ap gen siflèt nan bouch yo ak drapo nan men yo pou dirije tout rankont ki pwograme pou wikenn sa a.


Inisyativ sa a vize mete an limyè konpetans, pwofesyonalis ak detèminasyon medam yo nan yon domèn moun te konn abitye wè gason sèlman ap domine.

Desizyon sa a pa sèlman yon jès pou fete 8 mas, men se yon prèv klè kote LHF vle montre angajman li pou plis enklizyon ak ekite nan foutbòl elit la. Se yon etap desizif k ap sèvi modèl pou jèn fi k ap reve fè karyè nan abitraj. Sou teren an, se pa sèks la k ap konte, men se kapasite teknik ak otorite medam sa yo k ap gen pou jere match yo.

Pou jounen sa a, n ap jwenn medam yo gaye sou tout teren kote ki gen match, kit se nan nan Nò, kit se nan nan Sid peyi a. Men non medam yo kenbe pou chak afich jounen sa :

GWOUP A (Gran Nò)

1. Racing FC vs Tempête FC
Dat: Samdi 7 Mas 2026
Abit yo: Dieudonne St Phard, Marie Florcie Valcourt, Eva Delva, Junie Benoit.

2. Ouanaminthe FC vs Real Hope FA
Dat: Dimanch 8 Mas 2026
Abit yo: Djoulie Jn Pierre, Sandra Mondestin, Suzane Pétion, Guive Roldine Toussaint.

3. FICA vs Cosmopolites SC
Dat: Dimanch 8 Mas 2026
Abit yo: Loudwige Louis, Louseline Jn Baptiste, Lusenie Mondésir, Snideen Dantès.

4. Baltimore SC vs AS Capoise
Dat: Dimanch 8 Mas 2026
Abit yo: Youdeline Jn Jules, Guirlène Dor, Wedmanuella Erelus, Suzette Alexis.

GWOUP B (Gran Sid)

1. Racing CH vs Cavaly AS
Dat: Samdi 7 Mas 2026
Abit yo: Chedeline Delmas, Félanda René, Katiana Sinriel, Sophonie Petit Homme.

2. Don Bosco FC vs FC Juventus
Dat: Dimanch 8 Mas 2026
Abit yo: Falone Dieurisma, Lanchka Elysée, Josabelle Thélusma, Romise Plaisidor.

3. America FC vs Violette AC
Dat: Dimanch 8 Mas 2026
Abit yo: Carline Lavache, Lauvanis Simy, Miss Rose Beaubrun, Béatrice Faustin.

Inisyativ sa a jwenn anpil bravo nan men fanatik foutbòl yo ak obsèvatè yo ki wè ladan l yon bèl fason pou onore fanm ayisyèn yo. Pandan balon an ap woule nan divès pak nan peyi a, je tout moun ap fikse sou yo k ap gen pou montre, ak anpil karaktè yo gen plas yo nan pi wo nivo foutbòl nasyonal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou