Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan okazyon 25èm jounen chanpyona dezyèm divizyon Pòtigal lan, atakan entènasyonal ayisyen an Yassine Fortuné pèmèt Vizela FC genyen Felgueiras avèk yon gòl nan 64èm.
Grenadye an ki te titilè nan rankont sa ki jwe byen bonè jodi dimanch lan ofri Vizela FC viktwa sa ki pèmèt yo kontinye rete solid nan klasman an. Atakan ayisyen an ki pi souvan rezèvis depi sezon an kòmanse an te jwe 69 minit.
Yassine Fortuné k ap jwe pou seleksyon nasyonal Ayiti an depi septanm 2025, enskri jodi dimanch lan premye gòl li avèk Vizela FC nan Liga 2 Pòtigal lan. Yon grenn gòl ki ofri Vizela FC yon 3 pwen ki pèmèt li rete batay pou monte nan premye divizyon an.
Pou sezon sa, Yassine Fortuné jwe 15 match nan chanpyona dezyèm divizyon Pòtigal lan, ladan yo 6 kòm titilè. Yon gòl ki vini nan yon bon moman kote Grenadye an vle jwenn bon fòm li pou kapab jwenn plas li nan efektif jwè ayisyen k ap gen pou jwe Mondyal 2026 lan avèk ekip nasyonal lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou