AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Move nouvèl pou Grenadye yo avèk Jhony Placide ki blese

imaj atik la

7 Mas 2026   Jacky Chery   1170

Gadyen entènasyonal ayisyen an, Jhony Placide, rate match SC Bastia jwe ayè vandredi an akoz yon chòk li pran pandan ekip lan t ap chofe. Klèb lan jiskaprezan poko di anyen sou nivo blese an ak pou kantite tan Grenadye an p ap disponib.


Nan okazyon 26èm jounen Ligue 2 an, kapitèn seleksyon ayisyèn lan ki titilè endiskitab anba kan SC Bastia a depi plizyè sezon pa t kapab jwe lakay Pau FC, malgre l te nan onz inisyal ki te dwe jwe match lan.

Anviwon 2 semèn anvan pwochen rasanbleman Grenadye yo nan Toronto, gwo dout kòmanse plane sou prezans poto mitan seleksyon an nan 2 match sa yo k ap gen pou fèt kont Islann ak Tinizi nan kad preparasyon pou Mondyal 2026 lan.

Se yon gwo pèt egalman pou SC Bastia k ap file tou dwat pou ta desann nan twazyèm divizyon. Aprè 26 jounen, SC Bastia se bon dènye nan Ligue 2 an. Absans Jhony rive nan yon moman kote klèb lan ap batay pou monte nan klasman an.

N ap raple, Jhony Placide gen 38 lane. Gras avèk eksperyans li, seleksyon nasyonal ayisyèn lan te kalifye pou Mondyal 2026 lan k ap gen pou fèt nan peyi Etazini, Kanada ak Meksik pandan ete k ap vini la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou