Kredi Foto: @Pran sou nèt la.
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Match sila a te konte kòm final Pleyòf Campeonato Minero 2026 la nan peyi Brezil. Yon rankont ki te konsène klèb Cruzeiro a ak klèb Atletico Mineiro a. Match la fini ak yon gwo sezisman ladann. Nan match Cruzeiro kont Atletico MG a, abit santral la bay 23 katon wouj
Rankont lan te kòmanse byen nòmal kote Cruzeiro te pran avantaj match la nan 60èm minit sou pye Kaio Jorge. Sitiyasyon an ta pral dejenere lè gadyen ekip Atletico Mineiro a te santi yon jwè advès te pwovoke l.
Depi lè a yon gwo batay te pete ant jwè 2 ekip yo. Abit la te kòmanse simaye katon wouj sou tèren an. Pami yo 6 jwè Cruzeiro te pran katon wouj, ak 8 jwè ekip Atletico Mineiro a te pran katon wouj.
Abit la pa t sèlman rete sou tèren an, li simaye katon wouj sou divès jwè ak dirijan sou ban touch ekip yo. 6 moun sou ban touch ekip Atletico Mineiro a te pran katon wouj ak 3 moun sou ban ekip Atletico Mineiro a te pran katon wouj tou.
Sitiyasyon sa rive nan fen match la nèt 90+6, abit la te bay 6 minit tan adisyonèl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou