Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pandan wikenn lan Liverpool sibi yon 3èm defèt konsekitif fas Chelsea (1-2). Fas ak 3 move rezilta sa yo, youn nan ansyen lejann klèb la konnen, frape antrenè wolandè a nan yon deklarasyon li fè sou Sky Sports pandan li eseye di nan plas foutbòl, se yon lòt jwèt pami disiplin yo ekip la ap jwe nan moman sa.

Pandan okazyon 7èm match nan chanpyona anglè a, Reds yo te tonbe fas chanpyon dimond klèb yo. E pou te enflije ekip Liverpool la pinisyon sa, Estevao te chwazi fen rankont lan pou pwofite fè gòl viktwa pou ble yo. Aprè defèt la, Jamie Carragher ki se yon ansyen jwè klèb la pa epanye Arne Slot ki tonbe pou yon twazyèm fwa.
Nan mikwo Sky li fè konnen :
"Liverpool p ap jwe foutbòl nan moman, y ap jwe baskètbòl, se sa ansyen defansè a di sou Sky Sports. Li kontinye pou di, yo ap monte, desann, e mwen pa panse se konsa bon meyè ekip yo jwe. Mwen te pale sou enkyetid mwen genyen konsènan manadjè a pandan kòmansman sezon an, e yo konn sa plis pase m. Li se yon bon antrenè. Men pou kounya, Liverpool ki te yon ekip nan wo nivo a, pase kòm yon ekip yo voye poud maji sou li gras ak nouvo jwè yo. Men yo pa bay anyen sou plan ofansif, e yo pèdi anpil defansivman." Sa se fason ansyen defansè Reds yo Carragher te pale nan mikwo Sky Sports sou stil foutbòl klèb Liverpool la ap jwe nan moman.
Aprè trèv entènasyonal la, chanpyon antit Premier League la ap gen pou tante rejwenn wout ki mennen ak viktwa nan match chòk kont Manchester United la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou