Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Racing FC ki premye nan klasman ak 9 pwen ap kontre Baltimore SC ki 5èm nan klasman an ak 7 pwen plis yon match an reta. Yon dyèl ki anonse koulè.
Chanpyona nasyonal la ap konnen 6èm jounen li dimanch 21 desanm lan nan rejyon nò a. Racing FC ak Baltimore SC pral batay nan yon dyèl tonton makout pou konnen kiyès k ap chabande nan klasman an.
Aprè 5 jounen Racing FC kenbe tèt klasman an ak 9 pwen men sa poko ase pou kenbe pye l ak rès ekip ki nan do l yo. Yo ap gen pou kontre 4×4 Baltimore yo nan yon gwo dyèl. Match sa gen enpòtans kapital pou 2 ekip yo.
Nan kad yon viktwa pou ekip Baltimore a li ap gen pou monte nan top 4 la pandan li toujou gen yon match an reta. Match an reta sa se pral youn nan faktè desizif ki ka fè Baltimore SC chanpyon seri ouvèti a.
Kanta pou ekip Racing FC a, yon viktwa ap kontinye ede l kenbe kous li nan tèt klasman an. Li ap vin pase ak 12 pwen. Menm si Ouanaminthe FC ta fè viktwa kont Cosmopolite SC sa p ap twò enkyete Racing FC sof si Ouanaminthe ta bay advèsè li a plis gòl.
Rezon sa yo ki koz Racing FC kont Baltimore SC ap vrèman bèl. Match la pwograme pou demen dimanch 21 desanm lan nan pak Vincent an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou