ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ Lòt

Lòt

Wayne Rooney fè konnen antrenè Manchester United la pa asire

imaj atik la

30 septanb 2025   Neuvième Junior   979

Sou tèren Brentford la pandan wikenn lan, Manchester United tounen tonbe (1-3) ankò nan Premier League la sou lòd Ruben Amorim.


Sou tèren Brentford la pandan wikenn lan, Manchester United tounen tonbe (1-3) ankò nan Premier League la sou lòd Ruben Amorim.

Aprè kalòt sa, ansyen bitè Red Devils la Wayne Rooney pa kwè nan nouvo MU la ak teknisyen pòtigè a nan tèt li. Konfyans ki te plase nan antrenè a antere aprè kalòt sa ekip la pran samdi a. Nan deklarasyon Rooney, li fè konnen :

"Mwen pa konprann sa k ap pase a. Mwen te eseye pote chanjman, men sa pa t byen fonksyone, sa vle di mwen konprann. Ruben Amorim nan laj mwen, se yon jèn manadjè e mwen kwè li gen yon avni ki pwomèt, men sa k ap pase nan Manchester United, se pa Manchester United. Sensèman mwen te espere li ap kapab redrese sitiyasyon an. Men aprè tout sa mwen wè, onètman, mwen pa kwè". Komantè ansyen kotch Derby County nan mikwo BBC.

Sou kontra jiska jen 2028 nan MU, Amorim gen yon fiti ki pa sèten akoz li pa janm ka redrese ekip lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )