ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Arsenal pase devan Liverpool

imaj atik la

06 oktòb 2025   Benswilkenson Jean   625

Arsenal pran premye plas klasman Premier League la nan men Liverpool nan 7èm jounen Premier League la.


Aprè 7 jounen nan Premier League la, finalman Arsenal pran devan Liverpool nan klasman an. Reds yo ki sou yon dezyèm defèt youn kole ak lòt nan Premier League la, pèdi plas premye a nan klasman an.

Liverpool ak 15 pwen vini nan do Arsenal ki li menm genyen 16 pwen. Reds yo pèdi gwo chòk yo te gen pou wikenn lan nan dènye minit fas ekip Chelsea a (2-1).

Pandan Arsenal bò kote pa l fè yon match nil yon defèt ak 5 viktwa nan Premier League la, Liverpool li menm fè 2 defèt ak 5 viktwa sou 7 jounen yo.

Kous la lanse, selon ou menm ant Gunners yo ak Reds yo kiyès k ap ranpòte twofe Premier League la sezon sa? Reponn nan kòmantè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )