Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Reds yo ap konnen yon moman difisil nan chanpyona Angletè a. Liverpool deja sou 4 defèt youn kole ak lòt. Moman yo fatal pou Reds yo.
Liverpool pa nan bon fòm li menm nan dènye tan sa yo nan Premier League la. Nan kad 9èm jounen chanpyona anglè a Brentford pini Reds yo 3-2.
Yon defèt ki vini kòm katriyèm bwa kale yo nan Premier League la. Dènye fwa Liverpool fè viktwa nan chanpyona sila se depi 20 septanm sou yon eskò 2-1 kont Everton.
Liverpool tonbe jouk nan 6èm plas klasman an ak sèlman 15 pwen aprè 9 jounen boul. Pwochen advèse yo se Aston Villa nan kad 10èm jounen chanpyona a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou