Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Manchester United bat Liverpool 1-2 nan Anfield la pou premye klasik lan sezon sa ki te pi gwo match chòk jounen an nan Premier League la.
Reds Devils yo te kontre kare Reds yo nan kad 8èm jounen Premier League la nan peyi Angletè nan estad Anfield la ki se pwòp kay Liverpool. Ekip Manchester United la bat Liverpool 2-1 sou pwòp tèren Reds yo.
Match sa konte kòm 207èm batay ant 2 nan pi gwo ekip Chanpyona anglè a. Viktwa sa konte kòm 81èm viktwa Manchester United sou ekip Liverpool la. Kanta pou Liverpool li fè 67 viktwa sou Reds Devils yo epi yo fè 59 match nil.
Manchester United pou kounya pase nan 8èm plas la ak 13 pwen apre bèl viktwa sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou