Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Premier League la sou 20èm jounen l depi sezon an kòmanse. Wolverhampton fè premye viktwa l pou sezon an aprè 19 match lè yo genyen West Ham 3-0 sou pwòp tèren yo.
Wolves yo resevwa West Ham nan kad 20èm jounen chanpyona peyi Angletè a jodi samdi 3 janvye 2026 la. San mitan tèren ayisyen an Ricner Bellegarde ki blese depi aprè gòl li te fè kont Manchester United nan 19èm jounen an, Wolverhampton sòti ak premye viktwa l pou sezon an.
Wolves yo domine West Ham 3-0 nan 20èm jounen an. Anvan sa Wolverhampton se sèl ekip nan Premier League la ki potko janm fè viktwa pou sezon sa.
Viktwa sa pa chanje anyen nan klasman an yo toujou nan dènye plas la ak sèlman 6 pwen. Se gras ak grenadye a Ricner Bellegarde ki te sakrifye l pou pèmèt Wolves yo kanpe yon seri 9 defèt youn kole ak lòt nan tout konpetisyon li te patisipe yo. Ayisyen an te sakrifye l sou grenn gòl ki ta pral fè Wolverhampton fè premye match nil li aprè 9 defèt youn kole ak lòt.
Viktwa sa a kont West Ham lan se dezyèm match yo fè san pèdi. Nan 2 match sa yo, yo fè yon viktwa ak yon match nil.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou