Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan lakou Arabi Sawoudit, te gen yon rankont tèt chaje nan koze 8èdefinal Koup Diwa Arabi a. Match sila te mete, klèb Cristiano Ronaldo a anfas pa Karim Benzema pou yon dezyèm fwa nan sezon an. Fas Al Nassr, Tig yo te gen pou misyon fè revanj akoz ekip CR7 la te gen rezon sou yo nan chanpyona SPL la. Ebyen fas Al Nassr ki patko janm tonbe, Tig yo rive kole dan (1-2) nan janm Nadi Al-Shams yo ki anpeche Cristiano pran yon lòt tit ankò.

Avèk prezans tout jwè kle yo pou jwe match sa, ekip Al Nassr a ki kòmanse yon sezon ap krache dife, jwenn yon bon ponpye ki frennen yo. Gras ak yon Benzema ki pa two fè eko nan match avan yo ajoute sou Aouar, Dwayen yo kase dan mondyalis yo (2-1) pou mete yo deyò nan konpetisyon an.
Fas yon ekip ki t ap jwe an mwens depi nan 49èm minit, Mané, Kingsley Coman te jwenn okazyon pou chanje sitiyasyon ekip yo. Malerezman, yo pa t pwofite pou egalize ak pran avantaj la nan rankont lan.
Cristiano Ronaldo kote pa l, te vle tante tout sa l kapab pou wè nan ki mezi li te ka fè diferans lan. Men gadyen Al Ittihad la pa t deside ba li chans lan sou yon tantativ lòb li te eseye fè. Answit ekip sa ki gen pou tinon klèb solèy la, jwenn yon koufran nan fen match la, malgre nivo konsantrasyon CR7 ki t ap chichote "ou kapab fè l, ou pral make", pa t chanje desten ekip la ki te kondane pou elimine.
Avèk premye defèt sa ki tou retire espwa twofe sa pòtigè a te genyen an, Cristiano Ronaldo rete Saudi Pro League la ak AFC Ligue des champions Azyatik la sèlman pou sove lonè.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou