Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pandan match Al-Nassr t ap jwe kont Al-Hazem lan, Cristiano Ronaldo te pwofite rankont sa pou mete yon nouvo rekò e pwofite patisipe nan viktwa jòn yo. Gras ak gòl li te make pou ede koyekipye li yo bat (2-0), CR7 enskri 950èm gòl li sou tèren Al Hazem lan.

Pou montre lonjevite li nan foutbòl la, atakan 40 lane a kontinye mete anpwent li nan disiplin sila. Avèk yon bèl kontribisyon, Al Nassr konsève plas lidè a nan chanpyona sawoudyen an. Aprè João Félix te louvri eskò a, Cristiano te kloure advèsè yo sou yon bèl aksyon kolektif. Swit ak gòl sa, entènasyonal pòtigè a rive nan chif 950 gòl nan karyè l.
Ansyen madrilèn la gentan bitè 34 fwa e bay 3 pas desizif nan 38 rankont pou sezon an. Nan menm sezon sa tou, li bat plizyè lòt rekò. Pandan final Sipèkoup Arabi a, CR7 te make 100èm gòl li ak Al-Nassr pou vini premye jwè nan listwa ki make 100 gòl nan 4 peyi diferan epi seleksyon nasyonal li.
Nan eksplwa yo, avèk Real Madrid se te 450, 101 ak Juventus, 145 nan Manchester United e kounya li pase ak 106 avèk klèb Al Nassr a e 143 sou koulè Pòtigal. Konsa tou, CR7 vini meyè bitè koze kalifikasyon pou Koup Dimond.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou