Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Fas Al-Riyadh nan chanpyona Arabi Sawoudit la, Al-Ahli ki t ap resevwa nan estad Roi-Abdullah an, pa rive sòti ak 3 pwen 7èm jounen ki pou ta pèmèt li avanse nan klasman an. Nan plas viktwa, Ivan Toney ak koyekipye l yo pran nan nas advèsè a ki fè nil (1-1) au yo.
Fas Al-Riyadh nan chanpyona Arabi Sawoudit la, Al-Ahli ki t ap resevwa nan estad Roi-Abdullah an, pa rive sòti ak 3 pwen 7èm jounen ki pou ta pèmèt li avanse nan klasman an. Nan plas viktwa, Ivan Toney ak koyekipye l yo pran nan nas advèsè a ki fè nil (1-1) au yo.
Avèk yon avantaj plizyè jwè ki gen kapasite pou te chanje match la a nenpòt moman, klèb Al-Ahli pa rive enpoze yo sou klèb Riyadh la ak yon dominasyon nan posesyon balon. Gras ak efektif la, Al Ahli montre siperyorite yo pandan yo mennen yon pakèt aksyon jiska pwent penalite a. Nan dyèl anlè, atè ou fizikman, yo pa t bay lòt ekip la chans pou l enpoze jwèt li.
Poutan, Riyadh ki t ap sibi aso Riyad Mahrez ak koyekipye li yo, pa t abandone paske yo te vle sòti vivan nan fas kare sa. Pou sa, defansè yo te fè tout sa k posib pou kenbe plasman ak defann ase byen. E yo te aksepte soufri san kreye ak pote gwo danje nan kan vèt yo ki te parèt pi agresif. Malgre nivo entansite kote Al-Ahli, yo te oblije tann fen tan reglemantè a pou pran avantaj la sou Al Riyadh gras ak yon penal VAR te akòde yo. Ak Ivan Toney ki te transfòme l an gòl klèb lokal la te respire.
Malerezman, sa pa t dire lontan paske nan moman tan adisyonèl yo t ap jwe, vizitè yo te benefisye yon penalite aprè VAR te fin verifye yon aksyon. Gras ak li, wouj e nwa yo te jwenn egalizasyon an (1-1) epi anpeche klèb wayal la sòti nan pyèj la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou