ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Al Hilal kontinye demaraj pafè li a nan chanpyona Arabi Sawoudit la

imaj atik la

22 dawout 2026   Neuvième Junior   1332

Pou dezyèm jounen Saudi Pro League 2026-2027 la, ekip Al Hilal la te deplase sou tèren Al Fayha nan Al Majma'ah Sports City Stadium lan. Nan rankont sa, ble yo kontinye ak bèl lanse yo te kòmanse a pandan yo frape Al-Fayha


Pou dezyèm jounen Saudi Pro League 2026-2027 la, ekip Al Hilal la te deplase sou tèren Al Fayha nan Al Majma'ah Sports City Stadium lan. Nan rankont sa, ble yo kontinye ak bèl lanse yo te kòmanse a pandan yo frape Al-Fayha

Aprè yon premye jounen kote klèb Al Hilal la te konnen yon bèl viktwa, se te moman pou yo jwe dezyèm rankont yo fas Al Fayha. E pou dezyèm lan, ble yo fè yon viktwa 3-0 san diskisyon.

Pou yo te rive fè sa, Al Hilal te pran kontwòl match la byen bonè epi ranpòte viktwa a, sa ki pèmèt li pran 6 pwen sou 6 aprè de premye jounen yo.

Pou mete bagay yo klè nan match sila, Sergej Milinković-Savić, mitan tèren sèb la te louvri pòt la pou Al Hilal avèk premye gòl match la nan 31èm minit.

46èm minit, Sultan Mandash te double avantaj ekip la aprè yon bèl aksyon kote Kalidou Koulibaly te bay dènye pas la.

88èm minit, Nasser Al-Dawsari sele viktwa a nan fen match la pou fè 3-0 a epi fini ak espwa advèsè a.

Summerville rate penalite

Nan rankont sa, kote Al Hilal bat klèb Al Fayha, yo te kapab genyen ak yon pi gwo diferans. Men Crysencio Summerville te jwenn yon penalite apre yon fot sou Théo Hernández, malerezman atakan Olandè a pa t rive konvèti l.

Youn nan fè ki make rankont lan, se moman espesyal sa Sabri Dahal te viv lan.

Match la te gen yon bèl istwa pou Sabri Dahal, kise yon jèn jwè ki te kite Al Fayha pou Al Hilal. Pandan match la, li te antre nan fen pati a, sèlman kèk minit anvan fen tan regilye a, pou fè premye aparisyon l nan lig la ak nouvo klèb li, e sa rive fèt kont ansyen ekip li.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou