AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Martin Expérience briye ak Dender pou nouvo avanti l

imaj atik la

25 dawout 2026   Neuvième Junior   1226

Aprè transfè li nan peyi Bèljik nan dat 12 dawout 2026 la, Martin Expérience fè yon premye gwo enpresyon nan nouvo avanti li ak klèb Dender a k ap jwe nan Challenger Pro League Bèljik la.


Aprè transfè li nan peyi Bèljik nan dat 12 dawout 2026 la, Martin Expérience fè yon premye gwo enpresyon nan nouvo avanti li ak klèb Dender a k ap jwe nan Challenger Pro League Bèljik la.

Match sa ki reprezante 2èm jounen chanpyona a, te gen prezans entènasyonal ayisyen an ki te kòmanse match la e arive fè tout 90 minit lan ap atake epi defann ak nouvo klèb li.

Nan yon sistèm 3-4-2-1, grenadye a
Martin Expérience te kòmanse match la kòm piston gòch. Nan wòl sa, sipèsta ayisyen an rive jwe yon match ki epate tout moun, sa ki fè gras ak pèfòmans li, goche a te resevwa yon nòt 7.4 sou Sofascore. Konsa nou kapab wè yon bon evalyasyon pou premye viktwa li avèk nouvo klèb D2 bèlj la.

Yon viktwa ki gen anpil siyifikasyon

FCV Dender ki t ap jwe kont Beerschot, rive enpoze yo 2-0 pou rache premye viktwa yo nan konpetisyon an aprè 2 jounen. Si nan premye a yo te pèdi 1-0, fwa sa yo fini rankont lan san yo pa pran okenn gòl. Sa vle di, Martin ak defans lan te patisipe nan yon match kote ekip la fè yon clean sheet.

Pou Martin, se yon kòmansman ankourajan nan peyi Bèljik. Li rantre nan pwojè Dender a kòm yon latéral/piston goch, yon pozisyon kote kapasite li pou defann epi monte sou flan an kapab itil ekip la anpil pou sezon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou