AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Èske gòl Jerry Petit-Homme nan se gòl ki pi rapid nan tout istwa foutbòl la?

imaj atik la

25 dawout 2026   Steve Pierre   1307

Viktwa Ayiti nan CFU Boys' U-14 Challenge Series 2026 la pa sèlman make yon nouvo paj nan istwa foutbòl jèn peyi a. Pandan demifinal la kont Repiblik Dominikèn, yon aksyon Jerry Petit-Homme reyalize te atire atansyon anpil moun sou rezo sosyal yo: yon gòl ki make sèlman 5 segonn aprè kout siflè kòmansman match la. Depi lè sa, kesyon an ap sikile toupatou: èske se gòl ki pi rapid nan tout istwa foutbòl la?


Pou jwenn repons lan, li enpòtan pou retounen sou pakou jèn Grenadye yo nan konpetisyon an ak sou kèk nan rekò ki deja egziste nan foutbòl mondyal la.

Anba direksyon Jean-Marc Alexandre ak Charles Herold Jr, seleksyon ayisyen U-14 la te lanse kanpay li a avèk yon viktwa (5-2) devan Giyàn Fransèz, 17 dawout. Nan match sa, Jerry Petit-Homme te deja make youn nan premye gòl Ayiti yo nan match la.

Grenadye yo te kontinye sou menm rit la avèk yon lòt viktwa (4-1) sou Trinidad ak Tobago. Sèl defèt yo nan faz gwoup la te rive kont Pòtoriko (1-0), yon rezilta ki pa t gen gwo konsekans paske Ayiti te deja asire kalifikasyon li pou demifinal yo.

Nan demifinal la kont Repiblik Dominikèn, vandredi 21 dawout la nan Cap Cana, Ayiti pa t kite okenn dout sou siperyorite li, Ti Grenadye yo te montre vwazen nou paka jwe, epi Zile a gen mèt tou. Depi premye aksyon match la, Jerry Petit-Homme te pwofite louvri eskò a aprè sèlman 5 segonn jwèt.

Apre gòl sa, seleksyon ayisyen an te kontinye fè lapli ak bèl tan. Wensley Dumorné te make de fwa, pandan Jodley Delmas, Edysson Paul Jean ak Ronelson Pelé Janvier te ajoute non yo sou lis bitè yo. Nan fen 60 minit yo, Ayiti te gentan genyen (6-1) epi li te valide tikè li pou final la.

Se sitou rapidite premye gòl la ki te fè anpil moun pale. Sou plizyè platfòm dijital, kèk sipòtè te menm kòmanse prezante reyalizasyon Petit-Homme lan kòm gòl ki pi rapid nan listwa foutbòl la.

De (2) jou aprè, Ayiti te konfime dominasyon li sou konpetisyon an lè li te bat Jamayik 4-0 nan final la. Jodley Delmas te louvri eskò a, Wensley Dumorné te siyen yon double. Ronelson Pelé Janvier te fèmen festival gòl la.

Si nou retounen sou gòl Jerry Petit-Homme nan, daprè done ki disponib yo, rekò absoli a ta toujou pou yon Irigweyen ki rele Ricardo Oliveira, ki te make aprè anviwon 2,8 segonn nan yon match klèb an 1998. Nan foutbòl seleksyon nasyonal yo, Otrichyen an Christoph Baumgartner te make aprè 6 segonn kont Slovaki an 2024. Hakan Şükür, pou pati pa li, kenbe rekò gòl ki pi rapid nan yon Koup Dimond FIFA ak yon reyalizasyon aprè 10 segonn kont Kore Disid an 2002.

Sa vle di gòl Petit-Homme lan, ki fèt aprè 5 segonn lan, se yon reyalizasyon ki depase plizyè rekò prestijye nan konpetisyon entènasyonal yo, men li pa depase rekò mondyal absoli a.

Menm si li pa tounen rekò mondyal la, gòl Jerry Petit-Homme lan ap rete youn nan moman ki pi memorab nan CFU Boys' U-14 Challenge Series 2026 la. Li senbolize dominasyon total jèn Grenadye yo pandan konpetisyon an epi li ajoute yon lòt paj enteresan nan listwa foutbòl ayisyen an.

Pou anpil fanatik, se pa sèlman vitès gòl la ki enpòtan, men tou valè li te genyen nan yon demifinal kont vwazen nou yo, kote Ayiti te montre tout potansyèl yon jenerasyon ki deja fè anpil moun ap reve.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou