Dominique Simon te jwenn premye aparisyon l nan sezon 2026/27 la ak FC Pardubice. Malerezman, ekip la tonbe 3-1 devan Sigma Olomouc dimanch lan, malgre prezans grenadye a ki te titilè nan rankont sa ki konte pou 5èm jounen Chance Liga a.

Kijan match la te dewoule?
Depi nan kòmansman match la, Olomouc te pran kontwòl li jis yo te rive antre nan vesyè a pandan poz la ak yon avantaj 1-0 gras ak Dominik Janošek nan 36èm minit. Nan dezyèm mitan an, Péter Baráth fè 2-0 a nan 54èm minit, epi Ahmad Ghali mete 3-0 a nan 65èm minit. Pardubice li menm te rive diminye diferans lan nan 89èm minit avèk Ryan Mahuta, men li te twò ta.
Kisa nou dwe kenbe ?
Pou Dominique Simon, se te yon retou enpòtan nan klèb la apre li te pase dezyèm pati sezon 2025/26 la, nan prè avèk Tatran Prešov epi li te patisipe ak Ayiti nan Mondyal 2026 la.
Men, malgre defèt la, 67 minit entènasyonal ayisyen an te jwe a reprezante yon bon siy paske l montre kòman li kòmanse jwenn plas li nan ekip Pardubice la ankò. Kounye a, objektif li se kontinye wè nan ki mezi li kapab jwe plis minit epi ogmante enfliyans li nan mitan teren an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou